Partner with us
Green Streets has many exciting opportunities for those interested in sponsoring or partnering with us.
Partner with us
Green Streets has many exciting opportunities for those interested in sponsoring or partnering with us.
Partner with us
Green Streets has many exciting opportunities for those interested in sponsoring or partnering with us.
Partner with us
Green Streets has many exciting opportunities for those interested in sponsoring or partnering with us.
Sa ki fè Enfòmasyon Lekòl Everett yo Bouje

Byenveni! Mèsi pou enterè w nan Pwojè Sa ki fè Lekòl Everett bouje!
Kilès nou ye?
-
Green Streets Initiative se yon òganizasyon san bi likratif ki vize pou li pwomouvvwa fason ki sen, aktif, ak fason ki amikal ak anviwònman an pou sikile nan Greater Boston! Nou renmen lonje dwèt sou moun ki itilize diferan kalite transpò epi jis montre kòman yo enpòtan pou chak kominote. Nou antre an kolaborasyon ak Depatman Planifikasyon Vil Everett pou jere pwojè sa a.
Se pou kisa pwojè sa a?
-
Pwojè sa a vize pou kolekte enfòmasyon nan non Vil Everett konsènan divès fason ke elèv yo, pwofesè yo, ak pèsonèl la vini ak deplase kite lekòl la. Nou vle konprann nenpòt difikilte ke yo konfwonte, epi montre divès fason pou vwayaje alantou Everett.
Se kisa pyès yo ye nan pwojè sa a?
-
Sondaj: Nou pral administre yon sondaj 4-5 kesyon pou tout elèv Everett nan lekòl yo nan kòmansman mwa avril.
-
Konvèsasyon Transpò: Nou pral pale tou ak 20 elèv ak pwofesè/pèsonèl atravè konvèsasyon videyo sou transpò ki gen rapò ak lekòl la. Konvèsasyon sa yo pral fèt sou Zoom epi y ap dire apeprè 20-30 minit. Aprè sa a, nou pral kreye yon paj wèb ak ti ekstrè 30 segonn nou pran nan konvèsasyon sa yo ki montre vwa elèv Everett yo ak pwofesè/pèsonèl ki vwayaje nan kèk fason aktif. Tout moun ki enskri yo pral antre nan yon raf pou yon kat kado Target $50!
Kòman m kapab patisipe nan yon Konvèsasyon Transpò?
-
Tanpri ranpli yon fòmilè pou fè nou konnen ke w enterese.
-
Paran ak Gadyen pou Klas K-5: Klike la
-
Elèv ak Paran/Gadyen ki nan klas 6-12 ansanm akPwofesè/Pèsonèl: Klike la
-
Lè nou fin chwazi 20 moun pou konvèse ak yo a, nou pral mande paran ak gadyen pou yo siyen yon fòmilè divilgasyon medya anvan elèv yo patisipe. Pwofesè, pèsonèl, ak elèv ki gen 18 lane oswa plis ka siyen pwòp pa yo.
-
Fòmilè divilgasyon medya: Klike la
-
Èske kalite pwojè sa a te fèt deja?
-
Wi! Pandan ke chak pwojè inik, nou ta envite w gade pwojè What Moves Us nou yo ki te fèt anvan sa a: What Moves MGH IHP, What Moves Greater Boston Area Active Commuters, ak What Moves People Who Shop by Bike in Cambridge.
Kilès mwen ka kontakte si m gen kesyon?
-
Mete w alèz pou w kontakte nou nan info@gogreenstreets.org ak nenpòt kesyon.
Mèsi pou èd ou nan rann Everett yon kominote ki pi an sekirite pou tout itilizatè wout yo!

